Pwa Reyèl vs Pwa Volimetrik :
Poukisa gwosè bwat la enpòtan?
Sekrè lojistik ✈️
Pwa volimetrik la se yon fòmil transpòtè yo itilize pou kalkile espas yon koli okipe nan yon avyon. Sa vle di, yon bwat ki lejè men ki pran anpil plas ka koute pi chè pase yon bwat ki piti men ki lou.
Lòngè
Otè
Lajè
📍 Toujou mezire bò ki pi laj yo: L x W x H
⚖️
Pwa Reyèl (Actual Weight)
Se pwa koli a montre sou balans lan (lb oswa kg). Se pwa sa a yo itilize si koli a lou epi li pa pran twòp plas paraprò ak gwosè li.
📏
Pwa Volimetrik (Dimensional Weight)
Se pwa ki kalkile baze sou dimansyon bwat la (L×l×H). Li sèvi pou mezire "espas" koli a okipe nan kago avyon an.
💰
Pwa y ap faktire w la (Chargeable Weight)
Konpayi transpò a ap toujou konpare de pwa sa yo, epi l ap chwazi sa ki pi wo a pou l fè pri a. Sèvi ak yon bwat ki jis pou w ekonomize.
Evite Sipriz, Kalkile Pri w la!
Sèvi ak kalkilatris nou an pou konnen pri bwat ou a anvan w voye l ba nou.
🧮 Louvri kaLKILATRIS la
0 commentaire(s)